
Inyon intènasyonal pou liv jenès yo (IBBY) se yon asosyasyon
ki san bi likratif ki fòme yon rezo entènasyonal de anpil moun nan
lemon n antye k'ap chache renkontre anpil timoun ak anpil liv.


Objektif IBBY yo?
| |
Develope konpreansyon Jèn entènasyonal
yo a travè literati. |
| |
Pèmèt tout timoun gen aksè ak lekti tout
kote nan bon jan kalite literè ak atistik. |
| |
Bay jarèt ak piblikasyon e
distribisyon liv yo nan bon kalite pou jèn yo si tou nan
peyi k'ap develope |
| |
Bay èd e fòmasyon ak tout moun k'ap
okipe de jèn e literati pou jèn yo. |
| |
Bay ankourajman ak travay rechèch
inivèsitè yo nan domèn literati jenès | 

Oganizasyon IBBY la
Li kreye nan Zurich (suisse) nan lane 1953, IBBY gen pou piti 60
peyi nan lemond antye.
Li prezante peyi kote gen edisyon k'ap fè bèl bagay e peyi ki gen
anpil profesyonèl k'ap travay nan domèn edisyon e literati pou jèn.
sektyon nasyonal yo kapab de nati divès, yo kapab fonkonsyone nan
men m plan nasyonal , regional e entènasyonal si seksyon nasyonal fè
defo, yo kapab manb endividyèl.
Manb ki nan yon seksyon natyonal se otè ilistratè editè,
jounalis, edikatè pwofesè inivèsite, etidyan, bibliotekè ak libreri,
travayè e paran.
Objektif e pwogram IBBY yo fixe pa komite ekzekitif, dis
moun nan peyi diferan e yon prezidan. volontè ke yo ye, yo eli chak
2 ane pa seksyon natyonal an asanble general pandan nan kongrè. Afè
kouran yo trete pa sekretaya a nan peyi swis.
IBBY jwen n reveni l yo nan kotizatyon li vèse pa sektyon
kominal yo. gen lòt sous finansman pou finanse tout aktivite
IBBY yo
yon òganizasyon ki pa nan gouvènman li gen yon stati unesco e
Unicef. IBBY gen pou misyon pou defan n liv pou lajenès. Bi li yo
konfòm o prensip konvensyon entènasyonal dwa timoun.
IBBY mete tèt li ansanm ak plizyè òganizasyon e enstitityon
kap okipe literati pou jèn yo.
|