Enstiti Ayisyen Pou Defans Ak Devlopman Lang Kreyòl
( EDELK)
Objektif / Manm / Mamm espesyal / Afilyasyon / Fonksyònman / Konpozisyon biwo a
Enstiti Ayisyen pou Defans ak Devlopman Lang Kreyòl ( EDELK)
Enstiti lang kreyòl la se yon espas ki rasanble ansanm moun k ap travay pou kreyòl la jwenn plas li nan sosyete ayisyen an.
Bi li se òganize rechèch ak etid k ap pote plis limyè sou lang lan ak devlopman li. Enstiti a ap mete sou pye aktivite k ap pèmèt fè konnen lang lan plis epi chita prestij lang lan ak enpòtans li pou avansman peyi a.
1- Batay pou defann epi fè respekte entegrite lang kreyòl la.
2- Ankouraje pwodiksyon syantifik ak literè nan lang lan.
3- Reyalize yon seri aktivite pou jenn moun yo ka vin pi maton nan sèvi ak lang lan.
4- Founi zouti pou ede elèv lekòl, pwofesè, ekriven, jounalis ak tout moun ki blije reflechi epi sèvi ak lang kreyòl la.
5- Monte pwogram rechèch sou fonksyònman ak devlopman lang lan.
6- Ranmase epi pibliye enfòmasyon ak etid ki parèt sou lang kreyòl.
7- òganize aktivite tankou konkou pou ankouraje moun ekri an kreyòl.
8- Devlope rapò ak tout lòt espas kreyolofòn nan lemonn.
Enstiti a gen ladan li pwofesyonèl k ap travay sou lang kreyòl, pwofesè lekòl ak pwofesè inivèsite, jounalis, etidyan ak ekriven ki enterese nan devlopman lang lan.
Pou yon moun vin manm Enstiti a,
- Fò li pote yon kontribisyon konkrè pou avansman lang lan ( piblikasyon, temwayaj, pozisyon piblik)
- Ouswa fò l ap travay ak lang lan dridri nan vi pwofesyonèl li.
- Ouswa fò li yon atis ouswa atizan ki sèvi ak lang kreyòl la nan vi atistik li.
- Fò li peye kotizasyon 300 goud chak ane.
- Fò li patisipe nan reyinyon trimestriyèl komisyon yo (omwen youn pa ane)
- Fò li bay yon tan patisipasyon ki pa ka pi piti pase 10èdtan pa ane nan youn nan aktivite espesyal Enstiti a ( manm jiri yon konkou, prezantasyon yon konferans, ekspoze ouswa asiste nan yon ekspozisyon, patispe nan ankèt, kolekte liv ak dokiman, eksetera)
Manm espesyal se moun ki pote ouswa te pote yon kokenn chenn sipò pou yo rekonèt epi respekte lang kreyòl nan peyi d Ayiti
Enstiti a gen syèj li nan Inivèsite Karayib.
Li ouvri e li travay ak pwofesyonèl tout inivèsite ki enterese mete fòs li ak fòs lòt kolèg li pou bay kreyòl la jarèt.
Enstiti a gen de gwo enstans: asanble jeneral la ak biwo egzekitif la.
Asanble jeneral la gen ladan tout manm yo. Li reyini chak ane e li nonmen manm biwo a. Li fikse gran oryantasyon Enstiti a epi etabli yon plan aktivite. Li prepare rapò anyèl pou soumèt bay asanble a. Li ratifye estati yo ouswa amandman nan estati yo.
Biwo a gen ladan :
yon direktè jeneral
yon sou direktè
yon sekretè
yon responsab finans
Direktè Jeneral la reprezante Enstiti a nan aktivite ofisyèl, nan kontak ak lòt enstitisyon. Li kondui reyinyon biwo a ak asanble a. Wòl li se fè Enstiti a mache selon oryantasyon asanble a fikse. Li veye pou fon ak byen Enstiti a jere kòmsadwa.
Sou direktè a asiste direktè a nan tout aktivite yo. Li sipèvize epi ede sou komisyon yo.
Sekretè a responsab kominikasyon anndan Enstiti a. Li okipe de achiv Enstiti a. Li sipèvize fonksyònman sant dokimantasyon an.
Responsab Finans lan ranmase kotizasyon manm yo, resevwa epi jere byen Enstiti a ak don li resevwa. Li jwe yon wòl aktif nan chèche sous finansman pou pèmèt Enstiti a mennen aktivite li yo.
Li prepare bilan ak bidjè pou li ka soumèt yo bay Asanble a.